Overview:
Yon gid pratik ki baze sou rekòmandasyon lidè ayisyen yo apre desizyon Lakou Siprèm lan sou TPS la. Gid la eksplike sa moun ki gen TPS, Ayisyen Ameriken, alye yo ak òganizasyon kominotè yo kapab fè kounye a.
Lakou Siprèm lan pran desizyon li. Menas yo reyèl. Men lidè ayisyen yo ak defansè dwa imigran yo di se pa moman pou panike. Se moman pou òganize, prepare epi pran aksyon.
Kisa pou w fè kounye a: Men yon gid aksyon pou kominote ayisyèn apre desizyon sou TPS la
Lidè ayisyen yo bay etap ijan pou moun ki gen TPS, sitwayen ameriken, alye ak òganizasyon sèvis yo pandan batay la ap deplase soti nan tribinal pou rive nan Kongrè a.
Gid sa a baze sou rekòmandasyon dirèk lidè kominotè yo, defansè dwa imigran yo ak òganizatè yo. N ap mete l ajou amezi nouvo enfòmasyon ap vin disponib.
Click here for the english version
Pou jwenn dènye enfòmasyon ofisyèl gouvènman federal la, ale sou paj USCIS Temporary Protected Status (TPS) epi desann sou bò gòch la jouk nan seksyon Ayiti.
PATI I: RESOUS KI DISPONIB POU OU
A. Ki kote pou jwenn èd nan zòn ou oswa nenpòt kote Ozetazini
Kalifòni
- Haitian Bridge Alliance, 1-619-693-8708, info@haitianbridge.org
Kolorado
- Colorado Immigrant Rights Coalition, 1-303-922-3344, info@coloradoimmigrant.org,
- Rocky Mountain Immigrant Advocacy Network, 1-303-433-2812 or 1-303-866-9308
Florida
- Sant La Haitian Neighborhood Center, 1-305-573-4871, info@santla.org
- Florida Immigrant Coalition (FLIC), 1-888-600-5762
Indianapolis
- Haitian Association of Indiana (HAINDY) (317) 559-3444
Massachusetts / New England
- Boston Mayor Office City Hall, 311
- Action for Haitian Community Development info@ahcd2021.org, 1-857-210-0000
- Haitian Community Partners Foundation 1-508-588-0400, info@hcpfoundation.org
- Association of Haitian Women in Boston (AFAB) 1-617-287-0096, info@afab-kafanm.org
New Jersey / New York
- Catholic Charities, Haitian Response Initiative (ki rasanble plizyè òganizasyon kominotè ki bay sèvis an kreyòl)
- Mayor’s Office of Immigrant Affairs (MOIA), NYC Immigration Legal Support Hotline, 1-800-354-0365, mande pou Haitian Response Initiative
- Caribbean Women’s Health Association, 929-399-8070; info@cwha.org
- Diaspora Community Service, 718-399-0200; info@diasporacs.org
- Flanbwayan Literacy Project, 718-774-3037; info@Flanbwayan.Org
- Haitian Americans United for Progress; 718) 527-3776; info@haupinc.org
- Haitian Women for Haitian Refugees (HWHR), 718 462 0791; info@haitianrefugees.org
- Life of Hope, 718-362-3161; info@lohnyc.com
Ohio
Zòn Springfield
- Advocates for Basic Legal Equality, Inc (ABLE), 1-800-837-0814
- Haitian Community Alliance (HCA), Creole Connect Hotline 1-937-777-3738, info@haitiancommunityalliance.org
- Haitian Support Center, 1-937-408-6194, contact@haitiansupportcenter.org
Zòn Columbus
- Community Refugee & Immigration Services, 1-614-235-5747
- Diocese of Columbus – African and Haitian Ministry, 1-614-228-2457
- Haitian Community Network (HaCoNet), 1-614-600-5530 (Text/WhatsApp), info@haconet.org
- Jewish Family Services (JFS), 1-614-231-1890
- Legal Aid Society of Columbus, 1-888-246-4420, 1-614-221-7201
- Rentful 614 – Bay enfòmasyon sou òganizasyon ki ede moun ki riske pèdi lojman yo avèk asistans pou lwaye ak lòt resous.
Nationwide
- Faith in Action International 1-510-655-2801, jbaumann@faithinaction.org
- National TPS Alliance info@ntpsalliance.org
- American Civil Liberties Union (ACLU) 1-212- 549-2500
- National Immigration Law Center (NILC) 1–213- 639-3900;info@nilc.org
- National Haitian American Elected and Appointed Officials Network (NHAEON) info@nhaeon.org, 407-505-4310
B. Kesyon yo poze souvan, zouti ak lòt resous pou ede w pran aksyon
- Faith in Action: Haitian TPS Advocacy Toolkit
- Zouti sa a ede moun ankouraje Sena Ameriken an pou sipòte pwojè lwa S.4814 ki mande pwolonje TPS pou Ayisyen. Li gen nimewo telefòn, modèl imèl ak lèt ou ka itilize pou kontakte eli yo.
- Haitian Bridge Alliance Sign-On Letter HERE
- Resources for Haiti and Syria TPS Recipients – New York City MOIA
C. Reyinyon enfòmasyon, fowòm kominotè ak reyinyon sou Zoom
- NHAEON national press conference
- June 29 @ 11:00 am – 5:00 pm
- To be livestreamed from Miami on the NHAEON site
Ale sou The Haitian Times community events section pou nouvo enfòmasyon.
PATI 2: KONSÈY JENERAL POU TOUT MANM KOMINOTE A AK SIPOTE YO
Defansè dwa imigran yo di toujou gen yon ti bout tan — 32 jou apati desizyon 25 jen an — pou tout moun konprann:
- Règ sou pèmi travay
- Responsablite patwon yo
- Opsyon legal ki disponib
- Aksyon Kongrè a ka pran
- Nouvo direktiv Depatman Sekirite Enteryè ak ICE
Yo ankouraje tout moun sèvi ak tan sa a avèk entelijans.
Pa disparèt
Pa panike
Òganize. Prepare. Defann dwa w
A. Pou moun ki gen TPS
Kenbe tèt ou frèt. Pa pran desizyon anba panik.
Lidè kominotè yo avèti kont desizyon prese ki baze sou laperèz, rimè oswa presyon moun k ap pwofite sitiyasyon an.
Pa fè sa yo:
- Pa sispann al travay san ou pa konnen tout opsyon ou genyen.
- Pa retire tout kòb ou nan bank.
- Pa mete kay ou, machin ou, lajan ou oswa lòt byen sou non yon lòt moun san konsèy yon avoka ki ap travay nan enterè ou.
“Desizyon yo dwe pran ak tèt frèt,” se konsèy Guerline Jozef, direktè egzekitif Haitian Bridge Alliance. Vizite sit entènèt òganizasyon an pou jwenn zouti, tankou modèl lèt pou patwon.
Chèche bon enfòmasyon
Evite move enfòmasyon.
Fè sa yo:
- Kontakte òganizasyon ou fè konfyans tankou Haitian Bridge Alliance.
- Patisipe nan klinik legal ak reyinyon kominotè sou Zoom.
- Pale dirèkteman ak yon avoka imigrasyon ki gen lisans.
Pa konte sou:
- Moun sou TikTok k ap fè tèt yo pase pou avoka.
- Rimè k ap sikile sou WhatsApp.
- Mesaj ki fèt pou simaye laperèz.
Prepare oswa revize plan ijans fanmi w depi kounye a
Defansè yo di preparasyon enpòtan anpil.
Poze tèt ou kestyon sa yo:
- Ki moun ki pral pran swen pitit ou si yo arete w?
- Ki moun ki pral jere lwaye, bòdwo oswa biznis ou?
- Ki moun ki kapab ede w si ou gen bezwen medikal?
Fè sa yo:
- Rasanble tout dokiman enpòtan yo.
- Mete pyès idantite, paspò ak dokiman imigrasyon ansanm.
- Chwazi yon moun ou fè konfyans pou reprezante w si sa nesesè.
- Reflechi sou posiblite pou ba li yon pwokirasyon (power of attorney).
Enpòtan: Se dwe yon moun ki vrèman gen enterè ou nan kè.
Pataje istwa pa w
Defansè yo di vwa ou enpòtan.
Ou kapab:
- Rakonte istwa ou piblikman.
- Rakonte li san non ou.
- Fè yon mesaj odyo.
- Pataje eksperyans ou ak òganizasyon kominotè yo.
“Si ou pa pale, p ap gen pèsonn k ap vin sove w,” Jozef di.
B. Pou fanmi ki sitwayen ameriken oswa rezidan pèmanan
Rele senatè w yo — ansanm ak lòt eli yo
Defansè yo di objektif ijan an se fè Sena a adopte pwojè lwa S.4814, la ki ta bay moun ki gen TPS yon chemen pou jwenn rezidans pèmanan oswa sitwayènte.
Mande yo pou yo:
- Sipòte pwolongasyon TPS pandan twa ane.
- Sipòte pwoteksyon imigrasyon alontèm.
- Sipòte yon chemen pou rezidans pèmanan.
Rele eli lokal yo
Mande yo pou:
- Kontakte senatè yo dirèkteman.
- Sipòte piblikman moun ki gen TPS.
- Defann pwoteksyon pou kominote ayisyèn nan.
Montre sipò ou plis pase leve drapo
Defansè yo di sipòte Ayiti pa limite ak selebrasyon oswa parad.
Sa vle di:
- Pran aksyon politik.
- Patisipe nan lavi sivik.
- Pwoteje fanmi ayisyen yo.
- Bay òganizasyon serye yo sipò finansye.
C. Pou zanmi, vwazen, kòlèg travay ak patwon
Si yon moun ou konnen gen TPS, batay sa a konsène ou tou.
Rele senatè w yo
Mande yo sipòte pwojè lwa S.4814 la. Ou ka sèvi ak modèl lèt ak gid Faith in Action International ansanm ak fòm Haitian Bridge Alliance prepare a.
Fè tande vwa ou
Pale piblikman.
Lidè kominotè yo di silans patwon ak lidè biznis yo fè kominote a plis vilnerab.
Sipòte fanmi yo ak sa yo bezwen chak jou
Si ou kapab, ede ak:
- Gadri pou timoun.
- Transpò.
- Referans legal.
- Sipò emosyonèl.
- Planifikasyon ijans.
Bay tan ou oswa fè don
Si ou kapab, kontribye lajan oswa sèvi kòm volontè nan òganizasyon ki serye.
Anpil òganizasyon legal ak kominotè bay asistans dirèk pou moun ki gen TPS. Rele oswa voye mesaj ba yo pou jwenn konsèy ak sipò.
Don yo ede finanse sèvis tankou:
- Konsèy legal.
- Bank manje.
- Livrezon pwovizyon.
- Gaz.
- Lòt asistans ijans.
D. Pou òganizasyon kominotè, legliz ak founisè sèvis yo
Òganize klinik legal ijans
Moun bezwen repons kounye a.
Envite avoka imigrasyon ki gen kredibilite pou eksplike klèman sa ki posib ak sa ki pa posib.
Prepare dokiman senp
Defansè yo mande pou gen:
- Dokiman yon paj.
- Resous ki fasil pou pataje.
- Enfòmasyon klè an angle ak an kreyòl.
Kreye rezo sipò
Gen moun ki ka sispann:
- Ale travay.
- Al achte manje.
- Ale nan randevou yo.
Prepare pou ede ak:
- Manje.
- Transpò.
- Gadri.
- Akonpayman legal.
- Sipò pou kontak ak ICE oswa lòt ajans imigrasyon.
Veye kont magouy
Lidè yo avèti gen moun k ap pwofite sou laperèz moun.
Veye pou:
- Fo avoka oswa moun k ap fè tèt yo pase pou avoka.
- Sèvis legal ki twò chè.
- Fo kontra.
- Magouy sou kay, tè oswa kont labank.
Rapòte nenpòt abi bay lapolis oswa yon òganizasyon kominotè ou fè konfyans.
